• Depatman Lwès pa piyay!

    Depatman Lwès pa piyay!Ajanten soti toupatou vin geri bosko yo sou depatman sa ,se kòmsi se yon bann abòdyò k'ap viv ladann,se vre ,depi sitwayen an gen 2 lane l'ap viv nan kominote a ,li ka reprezante l men fwa sa ,nou dwe eseye pitit kay.

    Kafou ,Site Solèy, Rejyon palm sanble se kannannan k'ap viv ladann,kandida sot nan nò oubyen nan lot rejyon vin pran pouvwa nan men mèt kay la, kisa yo ofri nou ,konbyen fwa yo defann koz depatman an nan palman? Anpil egzanp pase devan nou,si n ta pran site non, lis la t'ap twò long.

    Depatman Lwès la se youn nan poumon ekonomi peyi a ,abitan yo poko mete bon jan palmantè ladann pou defann enterè l, lè n konsidere jan pèp sa emosyonèl,nou mande yon lòt vizyon.

    Pou defanm richès Akayè a, Agrikilti ak tourism rejyon palm lan (Gresye ,Lewogan, Grangwav ak Tigwav) eseye natif natal, se pitit kominote a ki konnen l e ki ka defann li.

    Moun nan Lwès pote kole ,desten nou nan men nou! Fwa sa, ann voye yon lòt siyal! Lakay se lakay.

    Delmondo Charlemagne

    « Des funérailles honorables pour 8 prisonniers haïtiensPHTK et LAVALAS: deux forces politiques dangereuses pour le pays »
    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

  • Commentaires

    Aucun commentaire pour le moment

    Suivre le flux RSS des commentaires


    Ajouter un commentaire

    Nom / Pseudo :

    E-mail (facultatif) :

    Site Web (facultatif) :

    Commentaire :