• Lavalas vs Pitit Desalin: Yon batay pou lidèchip

    Par Delmondo Charlemagne

    Lavalas vs Pitit Desalin: Yon batay pou lidèchipPitit Dessalines yo se gwoup rebèl ki soti nan klan Lavalas la,yon gwoup ki pat dakò ak diktati ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide ki se tou puisan pati a depi l fonde.

    Moïse Jean Charles, se youn pami pitit fanmi an ki te rete tèt rèd devan papa a ki pa dakò pitit li yo pran devanl ki donk vin pi popilè pase l,chwa Maryse Narcisse la ,montre aklè, JBA vle mete yon pope twèl sou pouvwa a pou l ka mennen l lè l pi pito.

    Kreyasyon Platfòm pitit Desalin pa sèlman yon estrikti pou te bay repons ak rejim Mateli a men li kreye tou pou febli Fanmi Lavalas,gen yon gè k'ap fèt, tout 2 pati sa yo gen menm filozofi ,tou  2 gen baz yo nan katye popilè,yo tou 2 kwè nan vyolans.

    Moïse Jean Charles nan gwo batay la,l'ap eseye kenbe kèk sòlda ki anvi kite Platfòm nan pou retounen nan baz, divizyon ki kòmanse taye banda nan mitan manm patipwol p a ,anpil obsèvatè kwè se jwèt Ti pèp a k'ap jwe a,li meye mete tout estrateji l deyò pou divize Platfòm nan epi Ranmase patizan l yo.

    Batay sa byen ranje piske Fanmi Lavalas sou pouvwa,yo gen  mwayen leta pou mennen batay sa.

    Nan jou ki pral vini la,jwèt la pral mare 14 ,pou kanpay elektoral la,Jean Bertrand Aristide oblije soti pou fè kanpay pou Maryse e Moïse pral lanse flèch...Ann Tann.

     

     

    « PHTK et LAVALAS: deux forces politiques dangereuses pour le pays
    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

  • Commentaires

    Aucun commentaire pour le moment

    Suivre le flux RSS des commentaires


    Ajouter un commentaire

    Nom / Pseudo :

    E-mail (facultatif) :

    Site Web (facultatif) :

    Commentaire :