• Lajistis nan tigwav desène manda arestasyon kont PDG radyo Prevansyon an Ernst Joseph ak Bernard Joseph,yo akize yo kòm moun ki ta moute sou tè lafanmi Exavier ki nan zòn Beyatris,Oriol EXAVIER eritye tèren sa ki di Mesye yo bat li nan moman yon bouch louvri yo te genyen samdi pase a,mande jistis ak reparasyon.Ernst Joseph ki pou kounya ap viv nan kanpe lwen te reyaji sou antèn radyo STV Mekredi swa nan jounal S-info,voye jete tout akizsyon ki peze sou dol.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    1 commentaire
  • Manifestasyon jounen jedi 27 Septanm 2012 la nan Vyalè komin tigwav,plizyè dizèn moun manifeste pou mande otorite konsène yo rezoud pwoblèm dlo piti a ki soti pou detwi tout kay nan katye a konsa yo swete otorite yo aji vit pou evite yo viktim,pandan mouvman sa,manifestan yo te tou pwofite mande prezidan Michel Martelly rezoud pwoblèm grangou a,yon delegasyon ki soti nan primati te pale ak manifestan yo pou di yo,gouvènman ap reflechi sou pwoblèm yo.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire
  • Branche chak swa 8h-10h pm radio Distinction 2000,107.5 fm,emisyon HAITI REFLEXION ak Wilner Saint-Preux 

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire
  • Direktris depatmantal lwès ministè travo piblik ak kominikasyon,madam Yannick Théodore enstale nan biwo bwat sa ki sou gran ri vil tigwav,jounen mèkredi 26 septanm nan,enjenyè Francelais Joacéus kòm nouvo direktè pou rejyon an,li ranplase nan pòs sa,enjenyè Loucas Loubert ki transfere nan depatman nip.Nouvo direktè a t'ap travay nan sèvis antretyen ekip iben ak riral nan Pòtoprens,li pwomèt li pral travay pou pote anpil rezilta dirijan yo ap tann nan menl.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire
  • Paran,direktè lekòl ak ti machann founiti klasik nan tigwav kontinye ap plenyen,yo deklare rantre lekòl la pa posib pou lendi premye oktòb la,nan entèvyou yo bay radyo STV maten lendi 24 septanm nan,di bagay yo vin pi difisil konsa yo swete diranjan yo nan leta kreye anplwa pou pèmèt pran yo reponn ak bezwen yo.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire