• Youn nan enspektè distri eskolè tigwav la,Jn Wesner Lorrélien anonse ministè edikasyon nasyonal pran tout mezi pou pèmèt ane akademik 2012-2013 la byen pase,genyen 170 jou klas ane sa,lekòl ap fèmen 28 jwen,egzamen ofisyèl yo ap kòmanse nan kòmansman mwa Jiyè.Pwofesè Lorrélien envite tout paran pran o serye edikasyon pitit yo nan bon kontwòl yo pral bay pou pèmèt ane lekòl la reyisi.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire
  • Jou pou jou,dat pou dat.Apremidi vandredi 21 septanm nan kodonate nasyonal ONG EPER SUISSE la JEAN MUTAMBA anba kout je otorite lameri,lapolis ak la jistis fe yon envante pou konstate apre yon lane kisa dirijan lokal EPER SUISSE yo regle.Mesye Mutamba deklare gen koripsyon nan administrasyon an,gen lajan ki disparet san jistifikasyon.Jij de pe WINNY FRED NOELSAINT pandan l tande Peterson ETIENNE,yon magazinye te note deklarasyon sa yo<< depi yon bon bout tan,JAVIEL,chef pwoje a retire tout kontwol nan menm antanke magazinye,m tande nan biwo a,gen anviwon 230 mil dola ameriken ki pa jistifye,mwen pa konnen anyen nan dosye sa>> Majistra Sandra Jules swete gen limye ki fet nan dosye sa.Nap fe konnen gen yon rankont kap fet ant majistra Sandra Jules ak dirijan EPER SUISSE yo Lendi 24 Septanm nan biwo  EPER SUISSE la nan lakou Potoprens pou poze pwoblem nan,pou kounya tout aktivite ONG sa kanpe jiskaske yo jwenn tras lajan ki fe fe fon an.Nap raple se 1 milyon 400 mil dola ameriken ki disponib pou egzekite pwoje reparasyon ak konstriksyon 400 kay nan 11 em seksyon komin tigwav.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    1 commentaire
  • Depiw gen enfòmasyon ou vle lemond konnenl kontakte n nan 3715 3185

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire
  • Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire
  • Sa fè plizyè mwa depi anviwon 3 mil moun nan tigwav enskri nan swa dizan yon pwogram pou al vann kouraj yo nan peyi tonton SAM konsa yo tap jwenn kichòy pou reponn ak bezwen fanmi yo,daprè sa yo fè konnen.Se fondasyon CALIXTE MILOUSE kap òganize vwayaj la,pou enskri chak entèrese peye 520 dola vèt,jou ale jou,jou vini,vwayaj poko janm fèt,anpil kesyon ap poze sou dosye sa pou konnen kilè moun yo prale,eske se nan bato oubyen nan avyon? Pandan tan sa gen moun ki kòmanse dekouraje kote yo mande pou remèt yo lajan yo.Dosye sa ta sanble entèrese otorite lajistis yo,komisè gouvènman tigwav Mèt Jn Alix Civil bloke tout kont ajan ki tap rekrite moun yo,annatandan gen esplikasyon ki bay sou dosye sa.

    Partager via Gmail Delicious Yahoo! Google Bookmarks

    votre commentaire