-
Par LE PETIT GOAVIEN le 19 Mars 2013 à 14:23
Si dirijan Ayisyen yo ap mache ti pa,ti pa,pou òganize eleksyon yo nan peyi Dayiti,nan vil Tigwav,Pati Politik Peyizan deja kòmanse fè kanpay.
Nan yon rasanbleman,dirijan pati sa,ki pwòch pouvwa tèt kale,fè,nan zòn Bòn Sòlda,Samdi 16 Mas 2013 la,prezante bay patizan yo,ansanm pwogram yo pou peryòd eleksyon yo kap vin la.Mis Nadege Antoine,yon manb pati a,nan komin Tigwav,deklare,lap kandida pou pòs Majistra nan pwochèn eleksyon yo anba banyè gwoupman sa,Mis la,ki te vle,fè yon Bilan sou sa yo ta deja reyalize,kòm aktivite,pat jwenn twòp bagay poul di men l te soulinye,pandan vakans ane pase a,yo te òganize Inivèsite dete pou kèk jèn Tigwav.
Madam Nadege Antoine,rekonèt pati Politik Peyizan,poko koni sou echikye politik lokal la,pandan l anonse,yon seri aktivite pou jou kap vini la men ki poko deklare.Anpil obsèvatè kontinye ap founi je gade,pou wè konbyen katèl majistra kap genyen pou pwochèn eleksyon yo,nan komin Tigwav,antouka,yon kandida deja deklare.
Delmondo Charlemagne.
votre commentaire -
Par LE PETIT GOAVIEN le 19 Mars 2013 à 14:20
Mòn Tapyon tounen yon veritab Kafou lanmò,nan mwens pase 2 semèn,5 moun mouri nan aksidan machin.
Li te 11 zè nan maten,Lendi 18 Mas la,lè moun nan zòn Tapyon te rele Jij de pè Jean Jude Leandre pou l vin fè Konsta aksidan sa,kote yon trelè ki t’ap tranpòte siman nan nip,chavire,sou plas,yon sitwayen rann dènye souf li,chofè a ak yon lòt kòlèg li ki te gravman blese te transpòte an ijans nan lopital NotreDam Tigwav la,pou resevwa swen ka yo nesesite.Semèn pase a gen 3 dominiken ki te mouri,prèske nan men kondisyon an,yo menm tou,yo tap transpòte machandis nan Sid peyi a.
Plizyè santèn sak siman gaspiye,avan moun nan zòn nan te vin ramase rès yo < lanmò bourik ranje chen,ak siman sa,m pral fè blòk poun fini kay mwen an> se deklarasyon,yon abitan Tayon,ki tap reponn kesyon yon jounalis Rezo Medya Tigwav.
Jij de pè sipleyan vil Tigwav,ki sitou fè konsta aksidan yo nan mòn Tapyon y,bay otorite lapolis yo responsab,moun kap mouri san rete nan aksidan machin.Mèt Jean Jude Leandre kwè si otorite lapolis mete,Polis woutyè soti Tapyon rive premyè plèn Tigwav,ka aksidan yo ap Diminye sou wout nasyonal nimewo 2 a.
Delmondo Charlemagne.
votre commentaire -
Par LE PETIT GOAVIEN le 18 Mars 2013 à 18:20
Yon ti refleksyon map fe la,m reyalize sitiyasyon malouk peyi a ap konnen nan denye jou sa yo,gen gwo konsekans sou tout Tisi sosyal peyi a,mari pa ka reponn ak bezwen madanm,jennjann yo pa ka mennen boubout Soti akoz poch yo ki vid.
paran ka reponn ak bezwen pitit yo,lekol pa ka peye,problem ekonomik sa ,oblije sila yo kap soufri yo,al fe sa yo pa ta dwe fe...
enfidelite,trayizon se rezilta sou devlopman an kote pou lajan,anpil moun pare pou vann Tet yo pou chanje yon sikonstans.
Fok ou ta nan sitiyasyon sa pouw ta konn kisa w tap fe.
Yon Kinsey pou sila yo kap konnen yon move moman,pran kouraj,fe efo pou chanje move kondisyon laviw.jodi pa demen pandan nap kenbe prestij nou chak jou.Delmondo Charlemagne.
votre commentaire -
Par LE PETIT GOAVIEN le 18 Mars 2013 à 17:21
Ce Samedi 23 Mars à compter de 6 PM, à la salle de conférence du fort royal, le CORECUL, JADART et Jude and friends vous invitent dans une soirée de la Francophonie. Au menu, spectacle de la poesie,de lecture scenique,montage de texte, interprétation des chansons françaises.
Eleves,etudiants,amants de l’art et de la culture,on vous attend en foule.
Louis Frantz Batista
Dir. Lycee FS
votre commentaire -
Par LE PETIT GOAVIEN le 18 Mars 2013 à 16:05
Pou yon 350 èm fwa,mo Tigwav kontinye soti nan bouch natif natal ti pòsyon tè sa,ki twouvel nan depatman lwès peyi Dayiti.Yon Lane 2013 ki daprè anpil Istoryen ta fè Vil Tigwav 350 lane depil fonde.
Soti lakil rive vil Tigwav,istwa a long anpil,pale sou Tigwav,se sonje Istwa Flibistye,machann kafe,kanpèch ak koton,san nou pa bliye jeneral Lama anba Tamaren ki kounya se Ri Jefra nan vil Tigwav,kote Papa nasyon an Jan Jak Desalin te konn chita pale ak Lama,sa se te yon Parantèz ki louvri pou nou konprann moso listwa.
Yon sivilizasyon ki pouse jèn entèlektyèl bouske konnen sa ki te konn fèt nan tan pase yo,nan espas sa,san n pa mansyone dat,nou ka konprann pandan plis pase 200 zan,Tigwav reprezante yon gwo moso sou echikye politik ayisyen an,pandan 350 sa,nou te gen chans genyen,youn nan prezidan ki tap dirije peyi a,Fosten Solouk Ki monte sou pouvwa nan lane 1847,tankou yon kout zèklè,gras ak foug, li te defye,tout sektè ki te panse,yo ta pral itilize l kòm mach pye pou regle zafè pèsonèl yo malerezman li te konpòte l an chef,sa k te pousel pwoklame tèt li amperè,ti rale sa,nan atik la,se pou m montre n kote nou soti,pandan egzistans Tigwav,kisa n fè deja ak ki kote n prale?
Pale de 350 tan fondasyon vil Tigwav,se sonje tou,pase kolonyal la,kote kolon blan souse tout sa nou te genyen kòm Richès,pou devlope peyi pa yo,Lafrans an patikilye fè nou anpil tò,sou demand Pè Miguel Auguste,nan fen ane 2012 la,anbasadè Fransè nan peyi Dayiti,Didier Lebret,te deklare 350 lane fondasyon vil Tigwav la,se afè lafrans,anpil lòt kolon nèg ki ta sanble ap travay nan enterè blan fransè ap repete menm pawòl sa yo,san yo pa,mande jistis pou eksplwatasyon nou viktim anba grif Fransè pandan peryòd kolonyal la(1663-1803).
Yon Tigwav dechire,nan van divizyon,yon Tigwav,animal politik toujou itilize l pou fè lajan.Soti 1804 rive ane 2013,kisa n fè,ki kote n ye nan devlòpman komin sa ki gen yon vokasyon agrikòl ak touristik,se kesyon anpil moun ap poze,sa pa etone nou,lè nou tande,kèk pwofitè ap pale de fèt,franchman,deba pa la ditou,fete kisa? E poukisa? Nou komanse konprann,kèk pitit Tigwav,se lajan ki entèrese yo,enterè kolektif la,se pa zafè pa yo,se kote lajan ap pale,se la yo yo vle chita,anpil jèn nan vil la deja kòmanse ap fè deba,pou wè koman yo ka soti yon dokiman estratejik k’ap di aklè kisa ki pou fèt pou relanse agrikilti a,ki bese,edikasyon an,koman nap rive amelyore nivo l,sant pwofesyonèl,espas kiltirèl pou jèn yo devlope talan atistik yo,se nan tout domèn sa yo,otorite yo,manb sosyete sivil,sektè politik la ak sektè relijye a ta dwe ap reflechi pou nou avanse,menmsi 350 lan vini nan yon peryòd elektoral,enterè politik yo depaman,sa pa ka anpeche nou reflechi ansanm pou Tigwav.
Tigwav,vil sivilizasyon,vil istorik,vil Libète,vil touristik dwe reprann eskanp figil,se lakay nou,vrè anperè a peyi a genyen,se lakay nou l soti,Aprè tout lòt yo konteste,ann kenbe prestij sa,ann leve drapo n byen wo,pandan nap aji ak panse nan enterèl. Viv Devlòpman,Viv Tigwav cheri…
Delmondo Charlemagne.
votre commentaire
Suivre le flux RSS des articles de cette rubrique
Suivre le flux RSS des commentaires de cette rubrique